top of page
Photo du rédacteurRenouvo Demokratik

Symposium du Grand Sud: Déclaration Finale

17 oktòb 1806 - 17 oktòb 2024, 218 an yon Jou egzakteman apre asasina Papa nasyon an, Papa nou, Anperè Jan Jak Dessalines, nou menm pèp GranSid la, ki sòti nan rejyon Palm, Lagonav, nan Sidès, nan Nip, Grandans, ak nan Sid la tankou noumenm tout pitit rejyon an ki nan dyapora kit nan nivo prezansyèl kit nan nivo vityèl, nan kafou istorik sa kote nyaj, zeklè, loraj, tanpèt ak fè nwa menase desten peyi a, e vle ditou desten rejyon an, nou Menm pitit pitit Ravine à couleuvre, Crête à Pierrot, Vertières ki rasanble la jodi a prezansyèlman ak vityèlman , nan Inivèsite UPSAC la, pran angajman nou nan Senpozyòm sa pou nou voye di rès popilasyon an, nan tout lòt depatman yo, tout pèp sou tout latè a, tout dirijan tout nasyon nan mond lan ak tout antite ki gouvène inivè a, nan tout fòm, nan tout dimansyon yo ka manifeste, ke GranSid la apati jodia depi pwent Tiburon, travèse Grandans, travèse depatman Sid, depatman Nip la pou nan pwent rejyon Les Palmes nan, epi file monte ranmase tout pik La Selle la, La Gonave, tout Sidès la pou rive nan Bahoruco jouk nan Fontyè Anse à Pitres lan, apati AK sa, ke nou siyen ak nanm nou e konsyans nou jodi a:

1 - Nou deside deklare e pran ansanm, touswit mezi ak aksyon pou nou rann rejyon nou an GRANSID la Otonòm nan mwayen lap pran an akò ak tout fòs sosyal ak ekonomik kap viv nan rejyon an pou devlope rejyon e rann lavi popilasyon diy de tout batay ak rèv zansèt nou yo ki te libere nou yo e rann nou endepandan.

2 - Nou deside, an kolaborasyon ak tout fòs lokal, kit politik, sosyal, relijyez, dyaspora AK gwoup antreprenè nan rejyon an, e an akò ak otorite santral yo pou nou ouvri, tout kote ki nesesè e ki rantab e ki nan enterè tout popilasyon an, sitou pwodiktè agrikòl, agwo-endistriyèl, nan rejyon an, Pò, areyopò, Waf ki respekte nòm légal yo pou pèmèt rejyon ak popilasyon an fè echanj pou li achte tout machandiz li bezwen ak pou li voye vann tout kote ki bezwen e ki nan enterè pwodiktè yo machandiz ak byen rejyon an pwodi nan tout domèn.

3- Nou deside batay pou konstwi wout nan tout rejyon pou konekte pwodiktè agrikòl AK agwo-endistriyèl ak Pò yo, ayewopò yo. Sitou wout ki sòti nan pwent Tiburon pou rive nan fwontyè Anse à Pitres pou favorize echanj byen ak machandiz sou fwontyè a ak vwazen nou sou zile a. Nan sans sa tou nou deside devlope wout ak mwayen ki sou dlo, (rivyè, lak, lanmè) kit atè kap pèmèt nou alimante tout echanj ak distribisyon byen ak machandiz pwodi nan mache lokal yo e rejyonal yo nan GRANSID la.

4- Nous deside batay pou rive nan otonomi ekonomik ak tout otosifizans alimantè nan rejyon an nan devlopman, ansanm AK inivèsite nan rejyon an yon agrikilti modèn e dirab ki respekte pwoteksyon anviwònman ak tout résous natirèl peyi a nan vilgarize nouvo pratik kilriral ki reponn ak objektif pwoteje e repwodi eko-sistèm nou yo (sous, bèt ak pyebwa natirèl e andojèn nou yo).

5- Nan sans sa nou deside, nou menm sosyete sivil la nan konbit avèk fòs lokal nou yo, pran mezi ansanm pou konstwi enfra-estrikti kap reyamenaje e pwoteje basen AK sou basen vèsan nou yo depi nan tèt mòn yo pou rive nan lanmè a, tankou remete rivyè sou wout natirèl e orijinal yo, konstwi bèj pou pwoteje kilti yo ak abitasyon yo, netwaye e pwoteje sous yo, netwaye kannal yo regilyèman.

6- Nous deside pran tout mwayen posib pou ede tout antreprenè, pwofesyonèl kap travay nan domèn lapèch, pou nou devlope yon ekonomi (économie) bleu modèn ki pèmèt nou jwi e maksimize tout résous akwatik e maritim nou.

7- Nous deside fè resansman, Ranmase, devlope tout résous AK enfra-estrikti kiltirèl, istorik e natirèl nou genyen nan GRANSID la pou mete anplas yon mache touristik modèn konpetitif ki ka koresponn e depase tout konpetisyon nan Karayib la nan pwochen 20 lane kap rive yo.

8- Nan sans sa nou dwe pran kèk mezi pou ankouraje e devlope lespri antrepriz, (antreprenarya) nan tout domèn sitou nan nivo touris, ak ekonomi sosyal pou pouse emèjans nouvo antreprenè nan tout domèn posib nan rejyon GRANSID la.

9- Nan sans sa tou, nou menm reprezantan depatman AK rejyon yo deside mobilize tout sosyete sivil la pou ankouraje patenarya, Chanm komès yo ak reprezantan otorite lokal, rejyon e santral nan peyi a pou favorize antrepriz lokal yo sitou sa kap travay nan pwodiksyon ak transfòmasyon pwodi agrikòl yo e kap kreye plis travay nan rejyon an.

10- Nou deside mobilize popilasyon an pou egzije tout otorite lokal, rejyonal pou pran mezi prese prese pou devlope e fè respekte nòm konstriksyon ak enfra-estrikti ki ka reponn ak katastwòf natirèl (siklòn, tranbleman tè) ki menase GRANSID la chak ane.

11- Nou deside pou nou ekzije leta pou li investi nan ranfòsman kapasite syantifik, teknik, pwofesyonèl, kiltirèl e imèn popilasyon an nan mete depi nan tèt mòn yo (zòn riral la) jouk bò lanmè a lekòl primè, segondè, teknik, pwofesyonèl, ak inivèsitè kap réfléchi poze kesyon e reponn ak pwoblèm sosyete a ap rankontre nan tout domèn ki ka sèvi pou devlope peyi a... Sa kap pèmèt nous gen mendèv pi kalifye e ouvri fllyè travay pou jèn yo sitou pou Fanm yo.

12- Nap batay pou nan tout domèn sa yo pou nou devlope résous enèjetik pwòp, renouvlab depi nan konsomasyon familyal rezidansyèl pou rive nan gwo antrepriz prive tankou leta kap konsome anpil enèji yo... Yon pwomès nou fè, yon angajman nou tou pran la a pou nou kite yon peyi ekolojik pou jenerasyon kap vini yo.

Pou fini Deklarasyon sa se yon sèman nou fè pou nou rete ini, yon inite ki pou pèmèt nou mete an aplikasyon tout desizyon ki pran nan Senpozyòm lan. Yon sèman nous pwal pote nan chak komin, chak seksyon kominal, chak bitasyon, chak katye e chak Kay nan tout rejyon GRANSID la pou nous tout nan GranSid la mete tout fòs ponyèt nou pou nous jwenn dwa granmoun nou. Libète, libète, libète. Viv batay pou Otonomi GranSid la.


Pou otantifikasyon :

Myra Gesther

Beauvil Stevenson

Dieudonne James

2 Comments


Guest
Oct 23

Evalyasyon Kritik Deklarasyon GranSid: Ant Volonte ak Mwayen


Analiz chak Pwen nan Pèspektiv Mwayen


1. Sou Otonomi yo Deklare a:

Annou konsidere sa ki nesesè:

- Ki bidjè pou finanse fonksyònman administratif?

- Ki estrikti administratif pou jere otonomi sa?

- Ki akò legal ak leta santral?

- Ki resous fiskal lokal disponib?


2. Sou Pò ak Ayewopò yo:

Pwen konkrè ki mande reponn:

- Ki etid fezabilite ki fèt?

- Ki estimasyon pri konstriksyon?

- Ki sous finansman?

- Ki volim trafik komèsyal prevwa?

- Ki pwotokòl sekirite?


3. Sou Konstriksyon Wout yo:

Kesyon pratik:

- Ki pri pa kilomèt?

- Ki konpayi ki gen kapasite pou fè travay sa?

- Ki bidjè antretyen anyèl?

- Ki delè reyalizasyon?


Like

Guest
Oct 21

Libète libète libète pou gran sid la

Like

Top Stories

bottom of page